About
Mwen menm se Steven Jean ...
Mwen se yon Jèn Ayisyen, ki kite yon Jòb Leta, paske mwen te vle travay ak tèt mwen, kote m tap touche plis ke 70 mil goud chak mwa e kote jounen jodia map evolye nan #E-commerce, mwen pratike #Dropshipping, #Amazone epim fè #Marketing Digital pou plizyè konpayi ( Ayiti, Sendomeng ak Etazini ).
Mwen ede anpil moun kap viv Ayiti, Sendomeng, Chili, Brezil, Etazini ak Kanada kap fè Biznis sou Entènèt sou plizyè domèn tankou Dropshipping, Mercado Libre , Global Selling International ak Amazone. Mwen genyen pwòp Boutik mwen sou Amazone ak Shopify ki jenere plis pase $100K nan moman Covid-19 la, ( 2020-2021 ) gras Estrateji epi Taktik kem itilize yo.
Mwen se yon COACH E-COMMERCE ki konn fè Coaching pou anpil moun sou tout fòm kalite Biznis sou Entènèt la epi mwen se yon Speaker ki bay fòmasyon sou " Developpement Personnel et E-commerce ".
Jodia, mwen deside mete tout eksperyans sa yo sou platfòm PGECOM nan, nan bay " KLASS LIVE, COURS ak FORMATION " gratis oubyen peye nan lide poum kapab ede plis moun toujou.
Siw ta anvi kontakte m, jis pran yon randevou avèm sou pati MEETING nan, se ap yon plezi poum kapab ede w.
Mèsi...